Kon lanbi

Beethova Obas

"Kòn Lanbi"

Mwen nan dømi
m wè'm nan yon peyi
kote rayisman pouse

Divizyon sèl pran pye

Mwen wè foumi
m'wè malfini
mawoka move cheni
manje tout sa'k plante
dife pran nan kan'n pou anyen
ayisyen goumen pou anyen
peyi ap pitit li pran lavi'l nan men

Pye lamitye sispann ponmen
move zèb leve nan tout kwen
n'ap pran chimen lanmø
san lanmø pa donnen

M'anvi leveeee
rèv sa twø lou pou'm pote
anndan'm ap dechireee
m'anvi'n leveeeee
pran køn lanbi'n pou'n soufle
rasanbleman n'mandeeee

Yon kavalye
byen abiye
di'm tonnè kote'w te ye
wa'l di yo sa pou mwen

Dènye mesaj
ke m'ap voye
ayiti tè libète nan fratènite

li di mwen anyen'n pap mache
toutotan n'pa gen tèt kole
se linite ki fè peyi sa a ekziste

li di mwen fø'n sispann goumen
fø'n leve pou nou wè pi lwen
peyi a ap tan'n pitit li pran lavi'l an men
lè wa leveeee
met drapo blan tout kote
se lapè m'ap mandeeee
m'anvi n'leve
pran kø'n lanbi'n pou'n soufle
rasanbleman n'mandeee
lè waaa leveeee
met drapo blan tout kote
se lapè m'ap mandeeee
m'anvi'n leveee

Lyrics provided by https://damnlyrics.com/