damnlyrics.com

Cheri Map Filew

Gen nèg ki kwè nan lajan

E pou yo anyen lòt pa enpòtan

San cham et san respè

Pou yo la femme se yon objè

Yo file fanm nenpòt kijan

Yo ofri sa yo pa posede

E si jamè sa pa mache

Yo joure, yo babye, yo tire pye

Pa vin skini dan w la a non

Monte nivo a

Yeah... yeah

Gwo bout konpa

Epi epi

‘A l di?

Cheri m ap file w pou fè m konnen si m ap bon (rpt)

S on egwi

O wi yo prete leta kòb, yo asosye nan palman an

Vakabon

Si m bon...

M ap ba ou kay - Sa l di

M ap ba ou machin - Sa l bay

M ap fè w jwenn viza - Sa l di

Consul la se kouzen m - Sa l bay

M ap ba w djob nan leta - Sa l di

W ap gen machin a sirèn - Sa l bay

Tanzantan pou kenkeng - Sa l di

Oubyen pou konkong - Sa l bay

Woy fout se

Oh...ou konnen m sezi

Hein gwo soulye, konsa w te ye la a?

La pa la w, al fè l lwen

Cheri m ap file w pou fè m konnen si m ap bon (rpt)

Cheri m pral fè yo rayi w nan Pòtoprens

M ap ba w on koulè machin pou chak koulè rad w ap mete

Bon ou wè? Bon...chak jedi m ap met 10 mil dola Ameriken sou kanè w

Pa di m mèsi non

On bon 10 ou gen nan men w la wi

Men cheri, ou wè si m pa bon...

Wa woule bogota - Sa l di

Dèfwa taksi moto - Sa l bay

Pou je w ap kouri dlo - Sa l di

Cheve w ap pran pann stidyo - Sa l bay

W a mache prete - Sa l di

Dwe machann Pap Padap - Sa l bay

Gwo soulye, fanm pa egare

Pa pran fanm pou egare tande

Medam yo si m ap byen pale la a, ban m lòv la

Ici Kreyòl La, la différence et la référence en matière de compas

---

Enjoy the lyrics !!!