damnlyrics.com

Fok Ou Kwe

Oh oh oh oh oh oh

Gen bagay ki rive w, w a mande w koman ou pral sot ladan l

Ou ka panse w nan dòmi, ke demen y a di w s on kochma w t ap viv

Fòk ou kwè ke se etap w ap travèse nan vi w

Fòk ou kwè plis li fènwa se jou l pral jou

Ou nan on defi, konte sou li

Oh oh oh oh oh oh

Lè w nan move moman w a di se pil sou pil tout ap vini

Byen souvan ou mande pou ki se kounye a menm yo chwazi

Fò k ou kwè, menm si li parèt difisil

Fò k ou kwè, pa gen miray ki pa kraze

Ou nan on defi, travay pi di

Si tu peux voir détruit l'ouvrage de ta vie

Et sans dire un seul mot te mettre à rebâtir

Si tu peux conserver ton courage et ta tête

Quand tous les autres les perdront,

Alors tu auras ce qui vaut mieux que les Rois et la Gloire

Tu seras un homme, mon fils

Kreyòl La, Invictus!

Ti Mari pap monte, Ti Mari pap desann oh oh

Depi ou gen lafwa

Pè sa ou fè, pinga w pè sa w pa fè

Depi konsyans ou klè

Djaz sa a se Kreyòl La

Nou se pitit Gran Mèt la

Parenn nou se Joubert Charles

Nou batize andan game sa a

Ti Mari pap monte, Ti Mari pap desann oh oh

Depi ou gen lafwa

Pè sa ou fè, pinga w pè sa w pa fè

Depi konsyans ou klè

Djaz sa a se Kreyòl La

Yo rele li Djaz lajenès la

Djaz Ansyto Mercier a — dwèt siwèl Letènèl la

Nou se Apach de san

Nou goumen tout jan

Tout otan Bondye ba n talan

Nou kanpe pwen sere, menm jan ak Boga

GS Addiction, Gaelle ou adikte moun yo wi la a

Apach de san, konbatan vanyan

Tande sa a

Koul non koul non, rilaks (rpt)

Piga kè ou sote nenpòt kisa k ta ka rive

Se etap w ap travèse, Bondye mete ou a leprèv

Lè w panse tout pòt fèmen pou ou, g on fenèt li ouvri

N ap soti ladan n - Ti pa (8x)

Loulou, ouvè kò w andan lakay ou

Ti Mari pap monte, Ti Mari pap desann oh oh

Depi ou gen lafwa

Pè sa ou fè, pinga w pè sa w pa fè

Depi konsyans ou klè

Djaz sa a se Kreyòl La

Nou se pitit Gran Mèt la

Parenn nou se Joubert Charles

Nou batize andan game sa a

Nenpòt jan l vini an, nenpòt sa k rive a

N ap soti ladan l - Ti pa (8x)

Kreyòl La, ouvè kò w andan lakay ou

Que la lumière soit

---

Enjoy the lyrics !!!