damnlyrics.com

Incroyable

Ou ka wè tout je brake sou ou

Jan tout gason vle goute myèl ou

Menm femèl vle vin fèw la cou

Gen sa ki kanpe au jalou

Ou met tout moun nan on gadavou

Pèsonn pa ka fè demi-touChak fwa w ouvè bouch ou pou pale

Ou ka wè jan tout moun ap tande

Aswè a la se ou ki rèn

Ou merite yon gwo kout amèn

Ay ou mete lòt yo nan lapènOu son pwoblèm ki pa gen solisyon

Ou son powèm ki chaje emosyon

A l'instant même se tout moun ki sou tansyon

Ou fè lezòm wè ak zorèy yo

Ou fè lafam tande ak zye yo

Incroyable sa k ap pase laPou bote te ka egziste

Yo di m se sou ou yo te kopye

Yon sekrè moun pap ka konprann

Ou son dife pa janm fè sann

Ay lèw nèg gadew li pap sispannOu son pwoblèm ki pa gen solisyon

Ou son powèm ki chaje emosyon

À l'instant même se tout moun ki sou tansyon

Ou fè lezòm wè ak zorèy yo

Ou fè lafam tande ak zye yo

....Solo....

Incroyable se sèl mo mwen jwenn poum ka dekriw

Incomparable, cette vérité est bonne à diw

Map veyew lontan sa, mwen te kache sa

Map viv ak yon espwa, yon jou pou'm devwalew sa

Ou son fenomèn ke mwen pa ka eksplike

Ou son eksepsyon nan tout règ ki existe

Ou son fenomèn ke mwen pa ka eksplike

Ou son eksepsyon nan tout règ ki existeIncroyable se sèl mo mwen jwenn poum ka dekriw

Incomparable, cette vérité est bonne à diw

Map veyew lontan sa, mwen te kache sa

Map viv ak yon espwa, yon jou pou'm devwalew saOu son fenomèn ke mwen pa ka eksplike

Ou son eksepsyon nan tout règ ki existe

Ou son fenomèn ke mwen pa ka eksplike

Ou son eksepsyon nan tout règ ki existeSandoudou, pou kiyès fanm sa a yeFanm sa a pa pou vakabon GuitarFanm sa a pa pou vakabon

Song Discussions is protected by U.S. Patent 9401941. Other patents pending.

Enjoy the lyrics !!!