damnlyrics.com

Lanmou Engra

Jou w a kite m pap gen ni lè ni jou

Ni kòman ni kijan ni moman pou kite m

Se yon desizyon w'ap pran lontan

K ap vin sou mwen san l pa ban m tan

Jou w a kite mwen pap menm gen kondisyon

Refleksyon, reyaksyon, matyè a diskisyon

Se yon kalkil de byen lontan

K ap vin sou mwen san l pa ban m tan

Ou pap menm sonje tout bon moman nou pase

Ou gen pou bliye yon jou kijan m rele

W a va gen mil rezon pou montre jan m pa bon

W a mache denigre mwen devan lasosyete

E lè sa a, mwen pap jwenn dlo ki pou lave m

Kreyòl La, nou just enposib

Men ni papa...

David Dupoux, lari a pral pale mesye

Esquina Latina, ou jwenn bagay

Kite m vibe

Eske lanmou se engratitid (Di mwen non)

Anvè yon moun ki te renmen w

Eske lanmou se engratitid anvè yon moun ou te renmen w

Si tout sakrifis ou fè yo di l pa janm ase

Lè yo renmen w, ou se papi, boubou, cheri, doudou, amour

Men lè yo kite w ou meprizan, malpalan, vakabon

Yo sonje tout sa w fè k pa bon

Yo repete tout sa k posib ki pou fè ou mal

Men yo pap sonje se ou yo te konn adore

Oh ala lanmou engra

Oh gen moun ki pa merite sa

Gen de fanm lè yo renmen ki bay yon nèg tout sa l bezwen

Ala lanmou engra

Pou remèsyel yo itize l rabese l, pase l nan tenten

Gen moun ki pa merite sa

Oh ala lanmou engra

Oh gen moun ki pa merite sa

Gen gason lè yo renmen ki bay yon fanm tout sa l bezwen

Ala lanmou engra

Pou remsyèl yo pwofite l, yo twonpe l oubyen yo kite li

Gen moun ki pa merite sa

Mache prese a kòmanse

Kite m vibe

Richard Urbain kite m jere stage la, ou mèt jere pòt la

Lè yo renmen w, ou se papi, boubou, cheri, doudou, amour

Men lè yo kite w ou meprizan, malpalan, vakabon

Yo sonje tout sa w fè k pa bon

Yo repete tout sa k posib ki pou fè ou mal

Men yo pap sonje se ou yo te konn adore

Eske lanmou se engratitid (di mwen non)

Anvè yon moun ki te renmen w

Eske lanmou se engratitid

Eksperyans lavi fè mwen wè ke dèfwa lanmou engra

Eske lanmou se engratitid

Anvè yon moun ki renmen w

Malgre w fè sa w kapab, pou yo ou s’on enkapab

Eske lanmou se engratitid

---

Enjoy the lyrics !!!