damnlyrics.com

Manman (feat. Rhiannon Giddens)

Se pa supriz si jodi ya m ap chante pou w

Pou valè mizè ke w pase

M pa kwè m ap janm finn peye w

Nou pa moun la grann sosyete

N ap woule sou w jekwa zan dye manman.

Pito nou chante souple

Rele lespwa kote l ye

Pou nou pa dekouraje

Car nou egziste.

Manman cheri se ou k tout vi m

Detèminasyon m

Jès tandrès afeksyon manke

Tout sa kòz de sitiyasyon m

M gade w lan je ou gade m lanje

Se kè nou tou de k ap rache manman

Kou w tande mwad me rive

Manman m pa gen jou sacre

Li sou tè ya l ekziste

Lakay flè roz pa antre.Ou wè ke mwen devwe

M chèche lavi pou m pa kite w soufri

Se pa anvi m manke

Il parait se jou pa nou an ki poko rive

Ou wè ke mwen devwe

M chèche la vi pou m pa kite w soufri

Se pa anvi m manke

Il parait se jou pa nou an k poko rive manman.

Gad jan la vi fè m kazwele

Fè mwen reziye

M jen ponyèt pa koupe

Vye manman m trime l ap trime

Kou w tande n chita n ap pale

Depi w tande l pran le pase manman

Tou swit fò l gen dlo lan je

Lò sa a bon anj mwen ale

Menm vole mwen ta vole

Pou l kab console.Son w vye madanm

Ki gen kouray pou li reziste

Apre oun karès oun tèt grate

Li souri l mande fe de rale

Li di pitit mwen nou pat ne

Ke montay pa konn deplase manman

Tout moun pat fèt pou ere

Moun pa fèt pou l twò prese

Se paske w ka obsève

Ki fè w gen tèt chaje.Ou wè ke mwen devwe

M chèche lavi pou m pa kite w soufri

Se pa anvi m manke

Il parait se jou pa nou an ki poko rive

Ou wè ke mwen devwe

M chèche la vi pou m pa kite w soufri

Se pa anvi m manke

Il parait se jou pa nou an k poko rive

La la la...

Song Discussions is protected by U.S. Patent 9401941. Other patents pending.

Enjoy the lyrics !!!