damnlyrics.com

Ou Se

[Hook] _ Charmy

Ou Se manman "Marie" mw

Amen nan la priyè mw

Oh yeah, pran melodi sa,

Se sèl sa m'kab ofri'w

Ou ede'm pot fado'm yo

Malgre'm konn fè'w monte "le ciel" pa do

Koube'm byen ba devan'w pou'm onore'w!

[Premye Vès] _ Jr. Killa

M'pa konn kijan pou'm kòmanse

Yon "feeling" m'paka eksplike

Chat pran lang pa ka eksprime

Yon luv m'pat panse k'egziste!!

Ou aksepte'm

Pandan tout fanmi'w pat dakò

_________ Pwouve yo lanmou nou pi fò

Se GOD ki T sere'w pou mwen

Se Ou ki montre'm sa'k renmen

Aprè Ou lòt mwen pa bezwen

Vi san Ou mwen pa vle konnen

Ou pran'm / san anyen nan pòch

Ansanm / nou fè san koule wòch

Ou se fanm bonè'm / fanm mizè'm

Ou se patizan'm, ou se patnè'm

Lè'm vle Ou ban'm afè'm

Twonpe'w pa vo la pènn

Sèl Ou ki gen kle kè'm

Rès vi'w m'vle'w fè'l avè'm (haaa)

Tu es la mère de mes enfants (enfants)

M'regrèt m'pat rankontre'w avan (avan)

Menm lè'n pa gen lò ak dyaman

Prezans youn lòt fè kè'n kontan (yearh)

[Hook]

[Dezyèm Vès] _Jr. Killa

M'deja pwouve'w (pwouve, pwouve, wohh)

Ke distans pat yon obstak (Ohh!!)

_______ Sa pat lakòz nou fè back

M'dezapwouve'w

Paske'm konnen kè'w t'ap bat (bat fò)

Gras Bon DYE kounya nou back (nou back)

Kijan pou'm ta bliye'w pandan'w T tj la pou mw

M'pap janm abandone'w pou mw pot Ou pa janm femen

Danm gadon fanm m'genyen

Ou pa nenpot ki feminen

Ou se "air" mw respire

Pwojektè ki fè'm briye

Lè'w pa la m'anvi kriye

Avè'w m'pa wont afiche

2 he nan tèt mw Ou ye

San nan venn mw k'ap koule

Avè'w m'ap rete soude

Lanmou'n pap janm ekspire

_Charmy : Mèsi deske ou fè mwen papa

_Killa : Pou mw se yon tit

_Charmy : Malgre gen sa'k T di m'pap la

_Killa : Sou yon nou monte vit

Lè'w g'on fwaye tankou pa'm lan w'a konprann

Lè'w Jeneral Killa w'a konprann

Lè'w se Charmy w'a konprann (Eyyy)

Lè'w se Episode w'a konprann (Oh la)

[Hook]

https://youtu.be/Ga3gKz3QJEc

Lyrics Submitted by Emmanuel Jeanbart

Enjoy the lyrics !!!