damnlyrics.com

Triye

Invictus...

Pa vin di mwen ke ou ka leve w kite

Yon relasyon pou nenpòt stupidite

Pa vin di mwen ke li fasil pou rekòmanse

San menm eseye jwenn mwayen pou sa mache

Moun yo tèlman chanje

Lanmou tèlman chanje

Moun yo tèlman chanje

Gade byen

Gade lavi a byen

Di m si w gen chwa

Fè m wè w f'on chwa

Fanm pa bezwen gason

Gason pa bezwen fanm

Se tout vis k'ap devlope

On dirait tout moun deraye

Gade lavi a byen

Di m si w gen chwa

Fè m wè w f'on chwa

Gason kou fanm nan tout sa k pa bon

Youn twonpe lòt san rezon

Yon sosyete san moralite

Au nom de la modernité

Game sa a gen mèt

Li rele Kreyòl La

Welcome to the Champions League

Si yon nèg pral renmen nan semèn sa a, se nan triye w ye wi

Triye (fò w triye sè mwen)

Triye pou jwenn yon bon grenn

(Pou lanwi li fasil, pou lavi l' difisil)

Triye, triye pou jwenn yon bon grenn

(Fò w triyè frè mwen)

Triye triye pou jwenn yon bon grenn

Paske bon grenn yo deja gen mèt

Triye pou jwenn yon bon grenn

E e Kreyòl La mande triye, e e

Apache Nation, epis la bay manje a menm gou a wi

I told you

Viv a sa w genyen an - e

Rete a sa w genyen an - e, e

Si w ak yon moun ki renmen w

E ki chwazi respekte w

Pa pran defo l sou pretèks ke ou ka jwenn pi bon pase l

Lavi sa a tèlman pyeje ke chwa nou vrèman limite

Si w pral chache 'on menaj ki pa gen menaj

Yon timoun byen saj ki pap tounen on loraj, fò w triye

Triye (fò w triye sè mwen)

Triye pou jwenn yon bon grenn

(Jwenn yon bon pa fasil) - Triye

(Fò k ou chèche anpil) - Triye

Triye pou jwenn yon bon grenn

Triye (fò w triye frè mwen)

Triye pou jwenn yon bon grenn

Paske bon grenn yo deja gen mèt

Triye pou jwenn yon bon grenn

Apache Nation, prekosyon... fò n triye wi la a

E e, Kreyòl la mande triye, e e

Viv a sa w genyen an - e

Rete a sa w genyen an - e e

A sa w genyen an

---

Enjoy the lyrics !!!