damnlyrics.com

Wa Wo

Yon vi nan jezi gen tout ka lite benefis

Si tou lavi etènèl la se bagay gratis

Men lèw sonje sa li fè ou oblije dil mèsi

Se konsa ou va grandi lap kontinye ají

                              II

Si yon moun bay kris lavil ak tout rekonesans

Nan fason li sèvi mèt la lap jwenn rekonpans

Lè timoun lontan an Ayiti bay granmoun ti moso

Kè manmi papi kontan yo di titit wa wo

                             Ref.

Wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo

Sa vle di ou va grandi nan fason w lola Jezi

Wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo

Lè louwanje ou monte wo Jezi kri pral mete w wo (bis)

                                III

Bondje gen anpil pouvwa sa fèl toujou anwo

Lavi etènèl nan kris li ba nou kòm kado

Jezi kri di lal prepare yon plas anwo 

Nan fason nou sèvi li, li pral mete nou byen wo

                                 IV

Se sak fè li di si nou bouke ak tout kalite fado

Nou pa bezwen pè vini kotel li kapab ba nou repo 

Gad jan pawòl sa siwo ann al ba yo ti moso

Jezi se wa tout wa yo se tout sa nou pral di yo (bis)

                                 V

Na di yo ki kote li pran pòv yo pou li mete yo wo

Nan labou peche li va pran yo pou li ka sove yo

Lè timoun lontan an Ayiti bay granmoun ti moso

Kè manmi papi kontan yo di titit wa wo

                            Ref.

Wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo

Sa vle di ou va grandi nan fason w lola Jezi

Wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo

Lè louwanj ou monte wo Jezi kri pral mete w wo

 

                           VI

Se sak fè li di si nou bouke ak tout kalite fado

Nou pa bezwen pè vini kotel li kapab ba nou repo

Na di yo ki kote li pran pòv yo pou li mete yo wo

Nan labou peche li va pran yo pou li ka sove yo

                        REF.

 

Wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo

Sa vle di ou va grandi nan fason w lola Jezi

Wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo, wa wo

Lè louwanj ou monte wo Jezi kri pral mete w wo (bis ).

Enjoy the lyrics !!!