Edem - Wendy King Traka
| Page format: |
Edem Lyrics
Ede'm lyrics
Senyè ede'm ret moun ou m te ye a
Plis ban'm fòs poum ka ret moun ou kreye a,
M nan fè nwa santi'm anfème tanpri papa gide'm
Ban'm direksyon kot kle ye a
Satan vle enfliyansem
Edem chache kot vwa ye,
Pou'm ret nan ou lè w tounen
Pou'm pa sot fware
Ede'm pa jije sa fanm fè
Pou'm pa tounen yon anfware
Pou'm pa pran tout pou pa bon
Pou'm viv a youn nan yon fwaye
Ede'm soufri, ede'm trennen
Ede'm nan kè kontan, ede'm plenyen
Ede'm tolere, ede'm renmen
Ede'm pa egoyis
Ede'm pataje lè'm genyen
Ede'm retire vye lide
Ede'm padone,ede'm pa gen gwo lide
Ede'm viv ak sa'm genyen
Ede'm gon vi
Montre'm kijan pou'm posede
Ede'm tann tou pa'm
Pou'm pa jalou sa moun posede
Senyè m pa vle viv tankou bèt,
Ede'm ret imen
Pa kite'm nan fè nwa,
ede lesprim ret limen
M santi'm vle krake
Ede'm goumen,m nan move direksyon
Ede'm tounen, mond sa fin pouri
Voye je sou mwen m bezwen èd
Senyè fè'm santi ou pou mwen
Satan vle enfliyansem,pa ba'l pouvwa sou mwen
Pa kite'm tante, ede'm retirel sou mwen.
Yòw,
Si se pou egoyis e mechan
Sou tè sa pa gen ke nou
Nou pi mal ke bèt
Nou just poko wè ke nou
Poutan nou fèt pou'n viv an Frè
Menm sovaj viv pi byen ke nou
Nou adopte mal
Nou kite love elwaye kè nou
Si'm bezwen èd
M pa ka konte menm nan pòch mwen
M ta vle manje san'm pa ta fouye
Menm nan pòch mwen
Nou ka sove mond la si'n ret solid, aplike
Men domaj antre nou, vi'n pa gen solidarite.
Li fasil pou'm joure'w
Li difisil pou'm di'w mwen renmen'w
M'ap plis pran tan pou'm peze'w
Olye'm kenbe men'w pou'm mennen'w
M pa konn si nou wè eta nou
M pa konn si nou rann nou kont
Nou ta sipoze pou Bondye
Men Satan rann nou kont men mwen
Mwen vle diferansye tanpri banm chans fòme'm
Ede'm ret imen pa kite lèzòm transfòme'm
Vi sa s'on labirent ede'm pran yon bon wout
S'on dlo sal ki pa trete, Ede'm gen yon bon gout
Senyè m pa vle viv tankou bèt,
Ede'm ret imen
Pa kite'm nan fè nwa,
ede lesprim ret limen
M santi'm vle krake
Ede'm goumen,m nan move direksyon
Ede'm tounen, mond sa fin pouri
Voye je sou mwen m bezwen èd
Senyè fè'm santi ou pou mwen
Satan vle enfliyansem,pa ba'l pouvwa sou mwen
Pa kite'm tante, ede'm retirel sou mwen.
Lyrics Submitted by Lujana Denéjour