Jolie Minou - Larose
| Page format: |
Jolie Minou Lyrics
Accident – Dieudonné Larose
Vèsè 1
Alo oh Lembe, avèk regrè m ap di w bonswa.
Okap mwen t ap prale, mezanmi m kontrarye,
M enplike nan yon aksidan.
Te gen anpil potan,
Yon chèf seksyon kite parèt,
Ak lòd sekirite, apre m al tribinal.
Tande sa jij la te di mwen :
“Oo Larose, sa k pase w konsa ? Ou konn bwè ?”
Non jij, m pa konn bwè non.
Vèsè 2
Alo oh Lembe, avèk regrè m ap di w bonswa.
Okap mwen t ap prale, mezanmi m kontrarye,
M enplike nan yon aksidan.
Tande sa jij la te di mwen, wo wo wo wo.
Vèsè 3
Men fanmi moun yo la, avèk yo pou w pale.
Gade jan y ap kriye, vrèman sa fè lapenn,
Moun yo pa t prepare.
Ni ou pa t fè espre,
Annou fè yon antant,
Sa w genyen w a ba yo.
Refren repete
Hmm, sa se yon eksperyans
Ki make tout vi mwen.
Si w wè m ap chante,
Pa janm konprann m ap janm bliye li.
Si yon moun te konnen jou malè a,
Yo t ap evite l.
Moun ki te viktim yo,
M kwè n ap tande mwen.
Si m te gen milyon ak dyaman,
Mwen ta ofri nou.
Si nou te konnen sa ki nan kè m pou nou,
Plis pase dyaman.
Vèsè 4
Hmm, la fanmi Serafin,
M pap janm bliye nou.
Se chak fwa m sonje nou,
De ran dlo koule nan je m.
Men se avèk tout kè mwen
M ap salye tout moun Lembe.
Refren (repete)
Hmm, sa se yon eksperyans
Ki make tout vi mwen.
Si w wè m ap chante,
Pa janm konprann m ap janm bliye li.
Si yon moun te konnen jou malè a,
Yo t ap evite l.
Moun ki te viktim yo,
M kwè n ap tande mwen.
Si m te gen milyon ak dyaman,
Mwen ta ofri nou.
Si nou te konnen sa ki nan kè m pou nou,
Plis pase dyaman.
Vèsè final
Men fanmi moun yo la, avèk yo pou w pale.
Gade jan y ap kriye, vrèman sa fè lapenn,
Moun yo pa t prepare.
Ni ou pa t fè espre,
Annou fè yon antant,
Sa w genyen w a ba yo.
Lyrics Submitted by Clara 0fficiel