damnlyrics.com

Kè'm Pozé

"Kè'm Pozé"

Yon samba ke'm rankontre

stidyo dore

gade'm nan je

pou'l di'm Beethova

ou s'on nèg nago k'trase kongo

nan moman se sal wè

des années lumières m'pase

m'son ekwasyon k'ap devlope

se sa'k fè kè'm poze

m'kon'n ki bø m'pwale

anlè m'ap gade

atè a m'ap leve

jou pa'm nan rive

kè'm poze

(2fwa)

wololoyyy

Wi samba

depi lalfa

nou ekziste

jouk lomega

lonbrik nou mare

sou tout føm nan limanite

tè van dlo dife

kilanswa patisyon wap jwe

sou do økès la repoze

kè'm poze

m'konn ki bø m'prale

anlè map gade

atè a m'ap leve

jou pa'm nan rive

(2 fwa)

wololoy

Wi samba

nou gen mach pou'n eskalade

løt galaksi pou n'al vizite

sonje fè sa'w te vin'n regle

sou wout linivè

g'on eskal yo rele latè

desan'n men piga'w ret atè

kè'm poze

m'konn ki bø'm prale

anlè m'ap gade

atè a m'ap leve

jou pa'm nan rive

kè'm poze

(3 fwa)

wololoyyy

kè'm poze

kè'm poze

kè'm poze

Enjoy the lyrics !!!