DamnLyrics - The center provides all the lyrics

Lavi (feat. Emmanuel Obas) - Beethova Obas



     
Page format: Left Center Right
Direct link:
BB code:
Embed:

Lavi (feat. Emmanuel Obas) Lyrics


La vi (Beethova Obas feat. Emmanuel Obas) Lyrics
[Intro]
Enstriman......
[Verse]
Gen sa ki sèmante devan BonDye yo pap viv lòt kote.
Gen sak di kote lonbrik yo mareee, se la y'ap fè vye zo,
Se la y'ap rete.
Gen se van lamizè k'pouse do yo, yo tonbe lòtbò dlo.
Men, gen sak byen ki pa janm manke anyen mezanmi kidnapè chimè fè yo pè yo kouri
[Guitar solo]....
[Verse]
Gen sak' di se pitit Kapwa yo ye, yo se brave danje

Gen sak' kraponnen ki ta renmen chape, sak' san viza vwayaje nan bwa fouye
Gen sak deside tout bon pran lari, yo pa pè malfini
Oooooooo
Poutan chaje lidè nan salon k'ap reflechiii pa gen peyi se nou pa kanpe pou li
[Bridge]
Chak grenn Ayisyen se yon poto mitan k'ap soutni tonèl devlopman li konn Ayiti paka fè anyen se Ayisyen ki pou met men nan men ak sa k'ap viv byen lwen pou bati Ayiti
[Chorus]
Peyi nou se Ayiti ( ayiti) se nou ki pou fè pou li ( pou fè pou li)
Mezanmi ann reyini ( reyini )
Pou nou ka ba li lavi ( ba li lavi)
Sa n'ap tann poun' met tèt ansanm, dim kisa n'ap tann pa rete tan poun' chita tann
Mezanmi mwen di
[Chorus]
Peyi nou se Ayiti ( ayiti) se nou ki pou fè pou li ( pou fè pou li)
Mezanmi ann reyini ( reyini )
Pou nou ka ba li lavi ( ba li lavi)
[Guitar solo]....
Peyi nou se Ayiti ( ayiti) se nou ki pou fè pou li ( pou fè pou li)
Mezanmi ann reyini ( reyini )
Pou nou ka ba li lavi ( ba li lavi)
Wisnel JOSEPH ( Le WiS)
Lyrics Submitted by Wisnel JOSEPH

Enjoy the lyrics !!!