damnlyrics.com

Manje bliye

"Manjé Bliyé"

M ouvri radyo m pou m konn sa k ap pase

Libre tribune, yon peyizan t ap pale:

Wi mesye mwen pa yon saveu

S on peyizan mwen ye, m gendwa di sa m panse

M pat al lekòl, m pa konn paleu franseu

Men pitit mwen pap pase sa m andire

Se sa k fè m pa janm pè brave danje

Lekòl nan bouk la — mesye se sa m vin mande

Dechoukay pran m nan lari 7 janvye

Matisan m rankontre on bann dechoukè

Manchèt, baton, galèt — pèp sa a pap jwe

Fè atansyon monchè, gad jan Ti Pyè pase

Moun kouvri, machin sa a fò n fouye l

M soti tèt mwen pou m mande sa k pase

G on nèg ki di mesye pa gen danje

Se Beethova, lage l nou mèt kite l ale

An n sispann manje manje bliye

An n sispann pran kou nan men sanzave

Bay kou bliye men pote mak sonje

Sonje sa k fèt jodi rann demen n san nan je

Ya sispann fè n pran dakout pou swa

Fè n bay la purée san n pa manje pwa

Sonje ekri sa nan papye listwa

Vous les écrivains, analysez ça pour moi

Di m kisa w pral ekri, di m kisa w pap ekri

Peyi m nan pa konn li, yo fè lekòl twò chè pou li

Di m kisa w pral ekri, di m kisa w pap ekri

Rhéto, Philosophie plen lekòl malatchong

Di m kisa w pral ekri, di m kisa w pap ekri

Peyi m nan pa konn li, yo fè lekòl twò chè pou li

Di m kisa w pral ekri, di m kisa w pap ekri

Rhéto, Philosophie – lekòl bòlèt yo

Anmwey, ou wo o o

Ecole primaire, secondaire, adultère

Kote moun sa yo pran lisan?

Men kilès ki bay moun sa yo lisans pou fè lekòl?

Adultère — primaire, secondaire, adultère

Enjoy the lyrics !!!